Numbers 3:10
Men, w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo reskonsablite tout travay prèt yo. Si yon lòt moun ki pa prèt ta konprann pou li fè travay prèt yo, se pou yo touye l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Seyè a pale ak Moyiz, li di l' ankò:
Cross References
Exodus 29:9W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.
Numbers 3:38Moyiz, Arawon ak pitit gason l' yo te moute kay pa yo devan Tant Randevou a, sou bò lès. Se yo ki te reskonsab pou fè sèvis nan kote ki apa nèt pou Bondye a pou pèp Izrayèl la. Tout lòt moun ki ta konprann pou yo fè travay prèt yo, se pou yo touye yo.
Numbers 16:40pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k'ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
Numbers 18:7Men, se ou menm sèl ak pitit gason ou yo ki pou fè travay prèt yo bò lotèl la ak dèyè rido a. Sa se travay pa nou sa. Mwen ban nou pouvwa pou nou sèvi m' prèt. Se yon kado mwen fè nou. Se pou yo touye nenpòt lòt moun ki va pwoche bò bagay yo mete apa pou mwen yo.
1 Samuel 6:19Apre sa, Seyè a te touye kèk moun nan moun lavil Bèt-Chemèch yo paske yo t' al voye je yo wè sa ki anndan Bwat Kontra a. Li touye swasanndis ladan yo. Pèp la te nan gwo lapenn, paske Seyè a te fè gwo malè sa a sou yo.
1 Kings 12:31Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.