Numbers 19:20
Men lè yon nonm pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, si li pa fè sèvis pou mande Bondye gras, se pou yo konsidere l' tankou yon moun ki pa fè pati pèp Bondye a. Li pa ka pwoche bò Tant Randevou a pou l' pa derespekte l'. Toutotan yo pa fè pou li sèvis voye dlo ki pou mete l' nan bon kondisyon an, l'ap rete nan kondisyon pou l' pa ka fè sèvis Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:14Si yon gason pa sikonsi, se pou yo disparèt li nan ras la, paske li pa t' kenbe kontra mwen fè ak nou an.
Leviticus 15:31Seyè a di Moyiz ankò: -Pale moun Izrayèl yo byen. Lè yo pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, piga yo pwoche bò Tant Randevou a ki nan mitan kan kote yo rete a. Si yo fè sa y'a mouri.
Leviticus 22:4Si yon gason nan branch fanmi Arawon an gen yon move maladi po osinon ekoulman, li p'ap ka manje nan ofrann yo mete apa pou Bondye toutotan li pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Konsa tou, si yon prèt manyen yon kadav, osinon yon nonm ki gen ekoulman, li pa nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye a.
Numbers 15:30Men, lè yon moun fè yon bagay li konnen byen pwòp li pa t' dwe fè, kit se yon moun pèp Izrayèl la menm li ye, kit se yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo a, se pase l'ap pase Seyè a nan betiz. Se pou yo wete moun sa a nan mitan pèp la.
Mark 16:16Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondannen.
Romans 2:4Osinon, èske se meprize w'ap meprize Bondye ki gen bon kè anpil, ki gen pasyans anpil, ki sipòte nou anpil? Se konnen ou pa konnen se pou l' ka rele ou vin chanje lavi ou kifè Bondye gen bon kè konsa?