Numbers 19:7
Apre sa, prèt la va lave rad ki te sou li, l'a benyen nan gwo dlo. Lèfini, l'a tounen antre nan kan an. Prèt la p'ap nan kondisyon pou l' fè okenn sèvis pou Bondye jouk aswè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 11:25Tout moun ki pote menm yon moso nan kadav yo gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 11:28Tout moun ki pote kadav bèt yo al jete gen pou lave tout rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè. Wi, tout bèt sa yo pa bon pou nou manje.
Leviticus 11:32Si kadav bèt sa yo tonbe sou nenpòt ki bagay, kit an bwa, kit an twal, kit an po, kit an twal sak, osinon sou nenpòt ki zouti nou sèvi pou nou travay, bagay sa a osinon zouti sa a pa bon pou nou sèvi. Se pou nou mete l' tranpe nan dlo, li p'ap bon pou nou sèvi avè l' jouk aswè rive. Apre sa, nou ka sèvi avè l' san danje.
Leviticus 11:40Moun ki manje nenpòt moso nan vyann bèt mouri a gen pou l' lave rad sou li epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis Bondye jouk aswè. Moun ki pote kadav la al jete gen pou l' lave rad sou li, epi li p'ap nan kondisyon pou l' fè sèvis pou Bondye jouk aswè.
Leviticus 15:5Tout moun ki manyen kabann lan gen pou lave rad ki sou yo, yo gen pou yo benyen nan gwo dlo, epi yo p'ap nan kondisyon pou fè sèvis Bondye jouk aswè.
Leviticus 16:28Moun ki te al boule yo a va gen pou l' lave rad li tou, pou l' benyen nèt nan gwo dlo anvan li tounen nan kan kote moun yo rete a.