Isaiah 5:16
Men, Seyè a pral moutre jan li gen pouvwa lè l'a fè sa li gen pou l' fè a. Li pral fè wè jan li se Bondye tout bon ki apa a lè l'a jije pèp li a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
1 Chronicles 29:11Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.
Psalms 21:13(021:14) Seyè, leve non. Fè yo wè fòs ou! N'a chante, n'a fè lwanj pou jan ou gen pouvwa!
Isaiah 2:9Tout moun pral bese je yo gade atè afòs yo pral wont. Pa padonnen yo, Seyè!
Isaiah 2:17P'ap gen moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun ankò! P'ap gen moun k'ap fè awogan ankò sou moun! Lè jou sa a va rive, Seyè a va sèl chèf.
Isaiah 8:13Chonje, se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, pou nou konsidere tankou Bondye apa a! Se mwen menm pou nou pè. Se pou mwen nou dwe gen krentif.