Numbers 20:28
Lèfini, Moyiz wete rad espesyal ki te sou Arawon yo, li mete yo sou Eleaza, pitit gason Arawon an. Se la sou tèt mòn lan Arawon mouri. Apre sa, Moyiz ak Eleaza desann desann yo sou mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Moyiz fè tou sa Seyè a te mande l' fè a: Devan je tout moun, yo tou twa yo moute sou mòn Or la.
Cross References
Exodus 29:28Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a.
Numbers 20:1Sou premye mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo te rive nan dezè Zin lan, epi yo moute tant yo yon kote yo rele Kadès. Se la Miryam mouri, se la menm yo antere l'.
Numbers 27:16-O Seyè, Bondye ki bay tout moun lavi, tanpri, chwazi yon nonm ki ka mennen pèp la,
Numbers 33:38Dapre lòd Seyè a te bay la, Arawon, prèt la, moute sou tèt mòn lan. Se la li mouri. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo te gen trantnevan kat mwa yon jou depi yo te soti kite peyi Lejip.
Deuteronomy 31:7Apre sa, Moyiz rele Jozye, li pale avè l' devan tout pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Mete gason sou ou! Se pou ou vanyan! Paske se ou menm ki pral alatèt pèp la pou l' antre pran peyi Seyè a te fè sèman l'ap bay zansèt yo a.
Deuteronomy 34:5Se la Moyiz, sèvitè Seyè a, te mouri nan peyi Moab la, jan Seyè a te di li t'ap mouri a.