Numbers 22:34
Balaram reponn: -Sa m' fè a pa bon, vre! Sèlman, mwen pa t' konnen se ou menm ki te bare wout la devan m'. Men si koulye a ou pa vle m' al pi lwen, m'ap tou tounen lakay mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 10:16Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.
Numbers 14:40Nan denmen maten, byen bònè, yo leve pou y' al janbe lòt bò mòn yo pou yo antre nan peyi a. Yo t'ap di: -Men nou! Nou pare pou n' ale kote Seyè a di pou n' ale a. Nou rekonèt sa nou te fè a mal.
1 Samuel 15:24Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.
1 Samuel 24:17Li di David konsa: -Ou gen rezon. Se mwen ki antò! Ou te aji byen avè m'. Se mwen menm ki te aji mal avè ou.
2 Samuel 12:13David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.
Job 34:31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.