2 Samuel 12:13
David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 9:27Farawon an fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo konsa: -Fwa sa a, mwen rekonèt tò mwen. Se Seyè a ki gen rezon. Se mwen menm ak pèp mwen an ki antò.
Leviticus 24:17Depi yon moun touye yon lòt, se pou yo touye l' tou.
1 Samuel 15:20Sayil reponn Samyèl li di li: -Mwen fè tou sa Seyè a te di m' fè! Mwen mache dapre lòd li. Mwen pran Agag, wa moun Amalèk yo, mwen tounen avè l'. Mwen touye tout rès moun Amalèk yo tankou yon ofrann pou Bondye.
1 Samuel 15:30Sayil reponn li: -Mwen peche, se vre! Men, pa fè m' wont devan tout chèf pèp mwen an, devan tout pèp Izrayèl la. Tounen avè m' pou m' ka fè sèvis pou Seyè a, Bondye ou la.
2 Samuel 24:17David wè zanj lan ki t'ap touye moun yo, li pale ak Seyè a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki koupab. Se mwen menm ki fè sa ki mal la. Kisa inonsan sa yo fè? Tanpri, se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini!
1 Kings 21:20Lè Akab wè Eli, li di l' konsa: -Enben, lènmi mwen, ou jwenn mwen jòdi a! Eli reponn, li di l': -Wè! Mwen jwenn ou paske se renk move bagay w'ap plede fè devan Seyè a.