Numbers 23:13
Balak di Balaram konsa: -Ann al avè m' yon lòt kote. Antan ou va la, ou p'ap wè tout pèp Izrayèl la, men sèlman yon pòsyon ladan l'. W'a rete kanpe la, epi w'a bay ti sa w'a wè a madichon pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Balaram reponn: -Mwen te tou di ou se sèlman pawòl Seyè a va mete nan bouch mwen m'ap di.
Cross References
Numbers 22:41Nan denmen maten, Balak pran Balaram, yo moute sou mòn Bamòtbaal. Antan yo la, yo te kapab wè yon pòsyon nan moun Izrayèl yo.
1 Kings 20:23Chèf ki te avèk wa Bennadad yo vin di l': -Bondye pèp Izrayèl yo se bondye mòn yo ye. Se poutèt sa yo bat nou jan yo bat nou an. Men, si nou goumen ak yo nan tè plat, wè pa wè, n'ap bat yo.
Psalms 109:17Li renmen bay madichon. Se pou madichon tonbe sou li. Li pa renmen bay benediksyon. Se pou pesonn pa ba li benediksyon.
James 3:9Avèk lang nou, nou fè lwanj Bondye papa nou. Avèk menm lang lan, nou bay moun madichon, moun Bondye te kreye pòtre ak li.