Numbers 23:7
Lèfini, li pran chante chante sa a: -Balak fè m' kite peyi m', peyi Aram. Wa Moab la fè m' desann soti nan mòn bò solèy leve yo. Li di m': Vini non! Vin bay moun Jakòb yo madichon. Vini non! Vin kraponnen moun Izrayèl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 28:2Leve non, ale Mezopotami lakay Betwèl, papa manman ou. W'a pran yonn nan piti fi Laban yo pou madanm. Laban, se frè manman ou.
Numbers 22:5Li voye kèk mesaje bò kote Balaram, pitit Beyò a, ki te rete lavil Petò, bò gwo larivyè Lefrat la nan peyi moun Amaf yo. Men komisyon li te voye ba li: -Men, gen yon pèp la a ki soti nan peyi Lejip. Y'ap mache pran tout peyi pou yo. Koulye a, men yo kanpe toupre lòt bò fwontyè peyi mwen an.
Numbers 22:11Men gen yon pèp ki soti nan peyi Lejip k'ap mache pran tout peyi pou yo. Tanpri, vini ba yo madichon pou li. Konsa, l'a ka rive bat yo, l'a ka mete yo deyò nan peyi a.
Numbers 23:18Epi Balaram pran chante chante sa a: -Souke kò ou, Balak! Vin tande! Pare zòrèy ou, pitit Zipò!
Numbers 24:15Epi Balaram pran chante chante sa a: -Men sa mwen menm, Balaram, pitit Bèyò, m'ap di. Men pawòl k'ap soti nan bouch moun Bondye te louvri je a,
Numbers 24:23Balaram pran pale ankò. Li bay mesaj sa a, li di ankò: -Kilès ki va la lè Bondye va fè tou sa?