Numbers 26:29
Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
Cross References
Genesis 48:14Men, Izrayèl kwaze men l' lè l'ap lonje yo, li mete men dwat li sou tèt Efrayim ki te pi piti a, li mete men gòch li sou tèt Manase ki te pi gran an. Izrayèl te konnen sa l' t'ap fè lè l' te fè sa.
Numbers 36:1Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la,
Joshua 17:1Manase te premye pitit gason Jozèf. Se konsa yon pòsyon nan tè a vin pou moun fanmi Manase yo. Maki, papa Galarad, te premye pitit gason Manase. Se te yon vanyan sòlda. Se konsa yo te ba li peyi Galarad ak peyi Bazan.
1 Chronicles 2:21Lè Ezwon te gen swasantan laj, li marye ak pitit fi Maki a, sè Galarad. Yo te gen yon pitit gason yo te rele Segoub.