Nehemiah 10:33
N'a bay tou pen pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann grenn pou chak jou yo, bèt pou yo boule chak jou pou Bondye yo, ofrann pou jou repo yo, pou fèt lalin nouvèl yo, ak pou lòt gwo fèt yo, manje pou yo mete apa pou Bondye yo, ofrann pou wete peche moun pèp Izrayèl yo, ak tout lòt bagay yo ka bezwen pou fè sèvis nan tanp Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 24:5W'a pran vennkat liv farin frans, w'a fè douz pen. Chak pen va fèt ak de liv farin.
2 Chronicles 2:4Mwen pral bati yon tanp pou Seyè a, Bondye mwen an. Se pral yon kay n'ap mete apa pou li, kote n'a boule lansan pou li, kote n'a toujou mete devan l' pen y'ap ofri l' yo, kote chak maten chak aswè y'a ofri bèt pou yo boule nèt pou li lè jou repo yo, lè lalin nouvèl, ak lè lòt fèt nou fete pou Seyè a, Bondye nou an, jan li te bay pou yo toujou fè l' nan peyi Izrayèl.
Hebrews 10:11Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.