Numbers 3:25
Se yo ki te reskonsab kay Bondye a, ak de tant ki kouvri l' yo, rido ki nan pòt devan Tant Randevou a,
Bib La
In The King James Version
In Context
24Se Elyasaf, pitit gason Layèl la, ki te chèf fanmi Gèchon yo.
Cross References
Exodus 26:1N'a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, ansanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W'a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
Exodus 36:8Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
Exodus 40:19Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l', jan Seyè a te ba li lòd fè a.
Numbers 3:7Y'a travay nan kay Bondye a, y'a fè tout kalite sèvis ki gen pou fèt pou Arawon ak pou pèp la devan Tant Randevou a.
Numbers 4:25lèz twal ki sèvi pou moute kay Bondye a ansanm ak gwo tant ki kouvri kay Bondye a, kouvèti fèt ak po bazann ki anwo tant lan, seri rido ki fèmen pòt Tant Randevou a,
Numbers 10:17Apre sa, yo demoute tant lan, epi moun Gèchon yo ak moun Merari yo ki la pou pote tant lan pati.