Numbers 31:28
Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan (0500) moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 18:21Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
Numbers 31:30Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a.
Joshua 6:19Tout bagay ki fèt an lò, an ajan, an fè osinon an kwiv, n'a mete yo apa pou Seyè a. N'a depoze yo nan depo richès Seyè a.
Joshua 9:27Depi jou sa a, Jozye mete yo la pou fann bwa, pou bwote dlo pou pèp Izrayèl la ak pou lotèl Seyè a. Jouk jòdi a, se sa y'ap fè tout kote Seyè a chwazi pou yo adore l' la.
1 Chronicles 18:11Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk.
2 Chronicles 15:11Jou sa a, yo pran sètsan (0700) bèf ak sètmil (07.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lènmi yo, yo touye yo pou Seyè a.