Numbers 31:47
Sou mwatye ki te pou rès moun pèp Izrayèl la, Moyiz pran yon moun sou chak senkant moun ak yon bèt sou chak senkant bèt menm kalite, li bay moun Levi yo ki te reskonsab tant Seyè a, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:28Lèfini, yo leve, y' ale, yo fè tou sa Seyè a te bay Moyiz ak Arawon lòd fè a. Wi, yo fè tout bagay jan li te bay lòd la.
Numbers 18:21Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a.
Deuteronomy 12:17Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a.
Psalms 134:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!
Luke 10:1Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale.