Numbers 32:19
Nou p'ap pran anyen nan tè ki pou yo lòt bò larivyè Jouden an, paske yo ban nou tè ki bò isit larivyè Jouden an, sou kote solèy leve a, pou pòsyon pa nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 13:10Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.)
Numbers 32:32N'a janbe lòt bò larivyè a tou pare pou n' al goumen devan Seyè a, n'a antre nan peyi Kanaran an. Men toutjan, nou mande pou yo ban nou pòsyon tè ki bò isit larivyè Jouden an pou nou.
Joshua 1:14Madanm nou, pitit nou ak tout bèt nou yo pral rete nan peyi Moyiz ban nou sou bò isit larivyè Jouden an, bò solèy leve a. Men, nou menm gason yo, vanyan sòlda, se pou nou pran zam nou nan men nou pou nou mache devan tout rès pèp la, pou nou ka ede yo, si gen nesesite.
Joshua 13:8Branch fanmi Woubenn lan ak branch fanmi Gad la ansanm ak mwatye nan branch fanmi Manase a te deja resevwa pòsyon tè pa yo lòt bò larivyè Jouden sou solèy leve. Se Moyiz, sèvitè Seyè a, ki te ba yo li.
2 Kings 15:29Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.
Proverbs 20:21Richès ou ranmase fasil fasil p'ap janm vin yon benediksyon pou ou.