Numbers 5:7
Moun ki antò a va rekonèt devan tout moun li te fè yon bagay mal, epi li va renmèt tout sa l' te pran an bay moun li te fè tò a plis vin pou san (020%) lavalè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 5:5Lè yon moun rive antò paske li fè yonn nan bagay sa yo, se pou l' rekonèt devan tout moun sa l' fè a mal.
Leviticus 5:16Se pou l' peye tou sa li te bliye bay Seyè a, plis vin pou san anwo li. L'a pote l' bay prèt la. Prèt la menm va ofri bouk la, l'a touye l' pou peye pou sa moun lan te fè ki mal, epi Bondye va padonnen l' sa.
Leviticus 6:5ou ankò sa l' te sèmante li pa t' jwenn lan. Wi, se pou l' renmèt tout plis ven pou san bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye pou sa l' te fè ki mal la.
Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
Job 33:27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
Proverbs 28:13Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.