Proverbs 28:13
Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 3:12Nonm lan reponn. Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m' manje, epi mwen manje l'.
Exodus 10:16Lè sa a, farawon an prese fè rele Moyiz ak Arawon, li di yo: -Mwen peche kont Seyè a, Bondye nou an, mwen peche kont nou menm tou.
Judges 10:15Men, moun pèp Izrayèl yo di Seyè a: -Nou fè sa nou pa t' dwe fè: Ou mèt fè nou sa ou vle. Men, tanpri delivre nou jòdi a!
1 Samuel 15:24Sayil reponn li: -Mwen peche, mwen pa fè sa Seyè a te ban m' lòd fè. Mwen pa t' koute pawòl ou te di m' lan. Se pè mwen te pè mesye m' yo kifè m' fè sa yo te vle fè a.
2 Samuel 12:13David di Natan konsa: -Wi, mwen rekonèt mwen peche kont Seyè a! Lè sa a Natan di l' konsa: -Bondye sèl Mèt la p'ap pini ou pou sa ou fè a, ou p'ap mouri.
2 Kings 20:15Ezayi di l' konsa: —Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: —Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.