Philemon 1:1
Mwen menm Pòl, ki nan prizon poutèt Jezikri, m'ap ekri lèt sa a, ansanm ak frè Timote, Pou Filemon, yon moun nou renmen anpil epi k'ap travay ansanm ak nou pou Seyè a,
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Corinthians 3:9Apolòs ak mwen, se travay n'ap travay ansanm pou Bondye. Nou menm, moun Korent yo, nou se tankou yon jaden Bondye bay travay pou li. Ou ankò, nou se yon kay Bondye ap bati.
Ephesians 3:1Se poutèt sa, mwen menm Pòl ki nan prizon poutèt Kris la pou byen nou, nou menm ki pa jwif, m'ap lapriyè pou nou devan Bondye.
Ephesians 6:20Nou mèt wè m' nan prizon koulye a, se Bondye ki ban m' misyon fè konnen bon nouvèl la. Lapriyè pou mwen pou m' ka pale avèk lasirans, jan m' dwe fè l' la.
Philippians 4:3Ou menm tou k'ap travay ansanm avè m', mwen mande ou pou ou ede yo, paske de medam sa yo te travay di pou fè konnen bon nouvèl la ansanm ak Kleman ak tout lòt moun ki te travay ansanm avè mwen yo. Yo tout gen non yo ekri nan Liv Bondye a ki gen non moun ki gen lavi a.
Colossians 4:11Jezi, ki gen yon ti non Joustous, voye bonjou pou nou tou. Twa mesye sa yo, se yo menm sèlman pami jwif yo k'ap travay avè m' pou gouvènman Bondye ki wa a. Yo te ban m' anpil kouraj.
2 Thessalonians 1:1Mwen menm Pòl, ansanm ak Silven ak Timote, m'ap ekri lèt sa a voye bay manm legliz nan lavil Tesalonik k'ap viv ansanm nan Bondye, Papa a, ak Jezikri, Seyè nou an.