Philippians 1:11
Konsa, Jezikri va fè nou fè anpil bagay ki dwat epi ki bon, pou sa ka sèvi yon lwanj ak yon bèl bagay pou Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 92:12(092:13) Moun k'ap mache dwat yo pral pouse tankou palmis, y'ap grandi tankou pye sèd nan peyi Liban.
Isaiah 60:21Tout moun nan pèp nou an va fè sa ki dwat. Y'a rete nan peyi a pou tout tan. Tankou kreyòl jaden mwen, se mwen ki plante yo, se mwen ki fè yo ak men mwen, pou m' ka fè tout moun wè pouvwa mwen.
Isaiah 61:11Menm jan tè a fè ti plant yo pouse, menm jan grenn yo leve nan jaden, konsa tou, Seyè ki la pou tout tan an va delivre pèp li a. Tout nasyon va fè lwanj li toupatou.
Luke 13:6Apre sa, Jezi di yo parabòl sa a: Yon nonm te gen yon pye fig frans plante nan jaden rezen li. Li vin chache fig frans ladan l', men li pa jwenn.
John 15:4Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.
John 15:16Se pa nou ki chwazi m', se mwen menm ki chwazi nou, ki mete nou apa pou n' ale, pou n' ka donnen, pou donn nou ka konsève. Konsa, Papa a va ban nou nenpòt kisa n'a mande nan non mwen.