Philippians 1:30
Batay n'ap mennen an, se menm batay la m'ap mennen tou. Se menm batay nou te wè m'ap mennen nan tan lontan an. Se li menm m'ap mennen jouk koulye a, jan nou konnen an.
Bib La
In The King James Version
Having the same conflict which ye saw in me, and now hear to be in me.
In Context
Cross References
John 16:33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.
Romans 8:35Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la:
1 Corinthians 15:30Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m'ap riske lavi mwen konsa?
Colossians 1:29Se pou sa m'ap travay, se pou sa m'ap goumen ak tout pouvwa Kris la k'ap travay ak fòs nan mwen.
1 Thessalonians 2:14Frè m' yo, sa ki rive nou an, se sa ki te rive manm legliz Bondye k'ap viv pou Jezikri nan peyi Jide a. Menm sa yo te soufri nan men jwif yo, se sa nou soufri tou nan men moun menm peyi ak nou yo.
1 Timothy 6:12Mennen batay pou lafwa a byen. Kenbe lavi ki p'ap janm fini an fèm. Paske, se Bondye menm ki te rele ou pou ou te konnen lavi sa a, lè ou te byen pale devan yon bann temwen, pou fè konnen jan ou gen lafwa.