Philippians 1:28
Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 50:23Lè yon moun chonje di m' mèsi pou tout bagay, se lè sa a li fè lwanj mwen. M'ap delivre tout moun k'ap veye kote y'ap mete pye yo.
Isaiah 12:2Se Bondye ki delivre m'! Mwen gen konfyans nan li. Kè m' pa kase ankò! Se Seyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'!
Isaiah 51:12Seyè a di: -Se mwen menm k'ap ban nou kouraj. Poukisa pou nou ta pè moun ki la pou mouri, moun ki gen pou pase tankou zèb nan savann?
Matthew 10:28Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.
Luke 3:6Tout moun va wè jan Bondye ap delivre nou an.
Luke 21:12Men anvan tou sa, y'ap arete nou, y'ap maltrete nou; y'ap trennen nou nan sinagòg pou yo jije nou; y'ap mete nou nan prizon, y'ap fè nou konparèt devan wa ak chèf gouvènman poutèt mwen.