Proverbs 10:32
Moun k'ap mache dwat yo konn bèl pawòl pou yo di. Men, lang mechan yo, se kouto de bò.
Bib La
In The King James Version
The lips of the righteous know what is acceptable: but the mouth of the wicked speaketh frowardness.
In Context
31Lè moun k'ap mache dwat yo ap pale, se bon koze yo bay. Men, moun k'ap pale mal yo ap disparèt.
Cross References
Proverbs 2:12Yo p'ap kite ou fè sa ki mal. Yo p'ap kite moun k'ap fè bèl diskou pou twonpe moun pwoche bò kote ou.
Proverbs 12:6Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje.
Proverbs 15:2Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.
Proverbs 18:6Depi moun sòt ap pale, se kont l'ap chache. Si ou koute pawòl nan bouch li, w'a ba l' kou.
Ecclesiastes 12:10Li pran san li pou li jwenn pawòl ki pou fè moun plezi. Men nan tou sa li ekri, li bay verite a jan li wè l' la.
Titus 2:8Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.