Proverbs 12:6
Pawòl ki soti nan bouch mechan se pèlen pou touye moun. Men, pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat yo, se delivrans pou moun ki an danje.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Samuel 17:1Apre sa, Achitofèl di Absalon konsa: -Kite m' chwazi douzmil (012.000) sòlda. M'ap pati aswè a menm dèyè David.
Esther 7:4Paske yo vann nou, mwen menm ansanm ak tout pèp mwen an, pou yo ka masakre nou, touye nou, disparèt nou nèt. Si se vann yo te vann nou pou fè nou tounen esklav, mwen pa ta di anyen, mwen pa ta deranje ou pou sa ase. Men, moun ki pa vle wè nou an p'ap janm ka ranplase pèt l'ap fè ou fè a.
Proverbs 14:3Pawòl nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men, pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.
Jeremiah 5:26Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun.
Acts 23:12Nan denmen maten, jwif yo fè yon konplo. Yo sèmante sou tèt yo yo p'ap mete anyen nan bouch yo toutotan yo pa touye Pòl.
Acts 25:3Yo mande Festis yon favè. Yo mande l' pou l' fè mennen Pòl Jerizalèm. Yo te gen tan fè konplo pou touye l' sou wout la.