Proverbs 11:10
Lè sa mache pou moun serye yo, tout moun lavil la gen kè kontan. Konsa tou, lè mechan yo mouri, se kontantman pou tout moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Se bèl bagay pou yon lavil lè li gen moun serye ladan l'. Men, mechan yo ap detwi l' ak lang yo.
Cross References
Judges 5:31Wi, Seyè! Se konsa pou tout lènmi ou yo mouri. Men, zanmi ou yo ap klere tankou solèy midi. Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan.
2 Chronicles 23:13Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l'. Tout pèp la te kontan, yo t'ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t'ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: -Men yo moute yon konplo sou do m'.
Esther 8:15Madoche soti kite palè wa a. Li te gen yon bèl rad ble e blan, tankou rad wa a, sou li, yon gwo kouwòn lò sou tèt li ak yon manto koulè violèt sou zepòl li. Tout moun lavil Souz te kontan, yo t'ap fè fèt.
Psalms 58:10(058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
Proverbs 28:28Lè se mechan ki rive chèf, tout moun al kache. Men, tonbe mechan yo tonbe, moun k'ap mache dwat yo kanpe ankò.
Revelation 19:1Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.