Proverbs 11:29
Yon nonm ki mete dezòd nan fanmi li, lakòz madanm li ansanm ak tout pitit li yo nan tou sa ki pa bon. Moun san konprann ap toujou esklav moun ki gen bon konprann.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Lè ou mache dwat, sa fè moun viv. Lè ou gen bon konprann, ou sove lòt moun.
Cross References
Genesis 34:30Apre sa, Jakòb rele Simeyon ak Levi, li di yo: -Gade nan ki traka nou mete m'. Koulye a, moun ki rete nan peyi a, moun Kanaran yo ak moun Perezi yo, pral rayi m'. Mwen pa gen anpil moun. Si yo mete ansanm sou do mwen pou atake m', y'ap touye m' ansanm ak tout moun lakay mwen.
1 Samuel 25:3Msye te rele Nabal, madanm li te rele Abigayèl. Se te yon fanm ki te gen anpil lespri, lèfini li te bèl. Men, mari a te gen move jan, li pa t' konn boule byen ak moun menm. Se te fanmi moun Kalèb yo.
1 Samuel 25:38Dis jou apre sa, Seyè a frape Nabal, Nabal mouri.
Proverbs 15:27Moun k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l' ap viv lontan.
Hosea 8:7Depi pèp la simen van, se move tan pou yo rekòlte. Yo tankou yon jaden ble ki pa jete grap, ki p'ap bay farin. Menm si li bay farin, se moun lòt nasyon k'ap vin manje tout.