Proverbs 13:10
Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
Bib La
In The King James Version
Only by pride cometh contention: but with the well advised is wisdom.
In Context
11Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
Cross References
Judges 8:1Moun fanmi Efrayim yo di Jedeyon konsa: -Poukisa ou pa t' rele nou depi lè ou tapral goumen ak moun peyi Madyan yo? Poukisa ou fè nou sa? Yo te fache anpil sou li.
1 Kings 12:10Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'.
2 Kings 14:10Se pou m' di ou, Amasya, ou kraze moun peyi Edon yo. Koulye a, ou santi ou gwonèg anpil. M' byen kontan pou ou. Gonfle lestonmak ou jan ou kapab, men rete sou sa ou fè a. Poukisa pou w'ap chache traka bay kò ou pou sa pase mal ni pou ou ni pou peyi Jida a?
Proverbs 17:14Lè yon kont pete, se tankou dlo ki kase dig kannal. Anvan batay mete pye, chape kò ou.
Proverbs 20:18Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.
Proverbs 25:8Sa ou wè ak je ou, pa prese al rapòte l' lajistis. Si apre sa, yon lòt temwen kanpe pou demanti ou, lè sa a kisa ou va fè?