Proverbs 12:22
Seyè a pa vle wè moun k'ap manti. Men, li kontan nèt ak moun ki toujou kenbe pawòl yo.
Bib La
In The King James Version
Lying lips are abomination to the LORD: but they that deal truly are his delight.
In Context
21Malè pa janm rive moun k'ap mache dwat. Men, pou mechan yo se apse sou klou.
Cross References
Psalms 5:6(05:7) Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.
Proverbs 6:17Se moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun, se moun k'ap bay manti, se moun k'ap touye moun inonsan,
Proverbs 11:20Seyè a pa vle wè moun k'ap mache pye gaye. Men, li pran plezi l' ak moun k'ap mache dwat nan chemen yo.
Isaiah 9:15Chèf fanmi yo ak notab yo, se yo ki tèt pèp la. Ke a menm, se pwofèt yo, papa mantò!
Ezekiel 13:19N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.
Revelation 21:8Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.