Ezekiel 13:19
N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 2:16Men, si nonm lan ta reponn li: Tann yo boule grès la anvan, apre sa w'a pran sa ou vle, domestik prèt la ap di l': -Non! Ban mwen l' koulye a. Si ou pa ban mwen li, m'ap pran l' ak fòs pa m'.
Proverbs 19:27Pitit mwen, lè ou sispann aprann, ou pa lwen bliye sa ou konnen deja.
Isaiah 5:20Madichon pou moun ki vle fè byen pase pou mal, mal pase pou byen, pou moun k'ap di fènwa se limyè, limyè se fènwa, pou moun k'ap di bagay anmè dous, bagay dous anmè!
Jeremiah 23:17Yo pale ak moun ki derefize koute m' yo, y'ap di yo: Tout bagay ap mache byen pou nou. Yo pale ak tout moun ki soti pou kenbe tèt avè m', y'ap di yo: Anyen p'ap rive nou!
Ezekiel 20:39Seyè sèl Mèt la di ankò: Koulye a, nou menm moun pèp Izrayèl yo, nou mèt al sèvi zidòl nou yo. Men, m' tou pale nou. Apre sa, se pou n' koute m'. N'a sispann derespekte non mwen ki yon non apa. N'a sispann fè ofrann pou zidòl nou yo.
Ezekiel 22:27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.