Proverbs 13:7
Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.
Bib La
In The King James Version
In Context
6Lè ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt.
8Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'.
Cross References
Proverbs 11:24Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv.
Proverbs 13:11Lajan ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
Luke 12:21Jezi di yo ankò: Se konsa sa ye tou pou moun k'ap ranmase byen pou tèt pa l' men ki pa rich devan Bondye.
Luke 18:11Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a.
1 Corinthians 4:10Poutèt Kris la, nou menm apòt yo, nou tankou moun fou. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen bon konprann nan Kris la? Nou menm apòt yo, nou fèb. Men, nou menm moun Korent yo, gen lè nou gen fòs kouraj? Nou menm apòt yo, y'ap meprize nou tankou chen. Men, nou menm moun Korent yo, yo respekte nou nèt ale?
2 Corinthians 6:10Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay.