Proverbs 14:10
Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pesonn pa ka kontan avè ou.
Bib La
In The King James Version
The heart knoweth his own bitterness; and a stranger doth not intermeddle with his joy.
In Context
9Moun sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.
11Fanmi mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope.
Cross References
1 Samuel 1:10Ana te gen anpil lapenn. Li t'ap lapriyè nan pye Seyè a, dlo t'ap koule nan je l'.
2 Kings 4:27Men lè li rive kot Elize, li lage kò l' atè devan li, li mare nan pye Elize. Gerazi fè sa pou l' pouse l', Elize di l' konsa: —Kite l'. Ou pa wè jan li gen gwo lapenn? Epi Seyè a pa kite m' konn sa. Li kache m' sa.
Job 6:4Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.
Job 9:18Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
Psalms 25:14Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a.
Proverbs 18:14Lè yon moun anvi viv, sa ede l' anpil lè li malad. Men, si li dekouraje, ki moun ki ka remoute kouraj li?