Proverbs 15:11
Seyè a konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l' pa konnen sa k'ap pase nan kè moun.
Bib La
In The King James Version
Hell and destruction are before the LORD: how much more then the hearts of the children of men?
In Context
Cross References
2 Chronicles 6:30tanpri, kote ou ye nan syèl kote ou rete a, koute lapriyè yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kè yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kè moun.
Psalms 7:9(07:10) Fè mechan yo sispann fè move bagay. Tanpri, bay moun ki mache dwat yo fòs. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri: Ou konnen tout lide moun gen nan tèt yo ak tout santiman ki nan kè yo.
Psalms 139:8Si m' moute nan syèl la, se la ou ye. Si m' desann kote mò yo ye a, ou la tou.
Jeremiah 17:10Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.
John 21:17Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.
Revelation 1:18Mwen se moun ki vivan an. Mwen te mouri, men koulye a, mwen vivan pou tout tan. Mwen gen pouvwa sou lanmò ak sou peyi kote mò yo ye a.