Micah 3:9
Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
10Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.
Cross References
Exodus 3:16Ale non. Reyini tout chèf fanmi pèp Izrayèl la, di yo: Seyè a, Bondye zansèt nou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la, Bondye Jakòb la, te parèt devan mwen. Li mande m' pou m' di nou pou li: Mwen vin vizite nou, mwen wè sa moun peyi Lejip yo ap fè nou pase.
Deuteronomy 27:19-Madichon Bondye pou moun k'ap fè pasdwa sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa ak sou vèv yo! Tout pèp la va reponn: -Se sa menm! Nou dakò!
Psalms 58:1(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
Proverbs 17:23Malveyan pran lajan nan men moun pou enpoze jistis fèt.
Jeremiah 5:28Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere.
Amos 5:7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!