Proverbs 2:13
Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
Bib La
In The King James Version
Who leave the paths of uprightness, to walk in the ways of darkness;
In Context
14Se moun ki pran plezi yo nan fè sa ki mal. Se moun ki kontan anpil pou wè mechanste lòt moun ap fè.
Cross References
Job 24:13Se moun sa yo ki pa vle wè limyè a. Yo derefize konprann limyè a. Yo pa vle pran chemen limyè a nan tou sa y'ap fè.
Psalms 36:3(036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
Proverbs 4:19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Isaiah 59:8Yo pa konn jan pou yo viv byen ak moun. Tout sa y'ap fè kwochi. Tout kò yo se plan. Moun k'ap swiv yo toujou nan tèt chaje.
Ezekiel 33:12Ou menm, nonm o! Men sa w'a di moun ou yo: Yon moun te mèt bon kou l' bon, li te mèt mache dwat kou l' mache dwat, jou li fè sa ki mal, li gen pou l' peye sa. Jou mechan an va sispann fè sa ki mal, yo p'ap pini l' pou sa li te konn fè a. Konsa tou, lè yon moun ki t'ap mache dwat pran fè sa ki mal, yo p'ap gade sou jan l' te konn mache dwat la pou yo pa fè l' peye sa l' fè a.
Matthew 12:43Lè yon move lespri soti sou yon moun, li al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l' pran repo. Men, li pa jwenn.