Romans 1:32
Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun.
Cross References
Hosea 7:3Nan mechanste yo, y'ap fè fèt pou wa a. Y'ap woule chèf yo, antan y'ap fè konplo.
Luke 11:48Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo.
Acts 22:20Menm lè yo t'ap touye Etyèn, moun ki te kanpe pou ou a, mwen te la tou. Mwen te dakò ak moun ki t'ap touye l' yo. Se mwen menm ki te veye rad yo.
Romans 1:21Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo.
Romans 2:21Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou?