Proverbs 2:9
Si ou koute m', w'a konnen ki jan pou ou mennen bak ou byen, ki jan pou ou pa fè lenjistis. W'a konnen ki jan pou ou mache dwat nan lavi. W'a konnen tout bon bagay ou dwe fè.
Bib La
In The King James Version
Then shalt thou understand righteousness, and judgment, and equity; yea, every good path.
In Context
8Li pwoteje moun ki pa fè lenjistis. Li pran defans moun ki kenbe fèm nan sèvis li.
10Lè sa a, w'a gen bon konprann nan ou. W'a pran tout plezi ou nan konesans ou genyen.
Cross References
Psalms 25:8Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv.
Psalms 32:8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Psalms 119:105Pawòl ou se yon chandèl ki fè m' wè kote m'ap mete pye m', se yon limyè k'ap klere chemen mwen.
Proverbs 1:2Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo.
Proverbs 4:12Lè w'ap viv avèk bon konprann, anyen p'ap bare wout ou. Ou mèt ap kouri, ou p'ap janm bite sou anyen.
Isaiah 48:17Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa, Seyè k'ap delivre yo a, men sa li di: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm k'ap moutre nou sa ki pou byen nou. Se mwen menm k'ap mennen nou nan chemen pou nou swiv la.