Proverbs 23:31
Pa kite bweson pran nanm ou, ou te mèt wè jan li bèl, jan li klè nan vè a. Lè ou bwè l', li desann dous nan gòj ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Se moun k'ap bwè twòp gwòg, moun k'ap kouri dèyè tranpe.
32Men, pita ou santi se tankou yon move sèpan ki mòde ou, yon sèpan aspik ki pike ou.
Cross References
2 Samuel 11:2Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.
Psalms 119:37Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.
Matthew 5:28Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.
1 John 2:16Bagay ki soti nan lemonn se egzijans lachè, se gwo tanta, se lògèy k'ap vire tèt moun lè yo gen anpil byen sou latè. Tou sa pa soti nan Papa a. Se nan lemonn sa soti.