Proverbs 23:35
Lè sa a w'a di: Gen lè yo bat mwen, mwen pa santi sa. Gen lè yo te ban m' kou, mwen pa konn sa. Kilè m'a leve la a? Mwen ta pran yon ti kou ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
34W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.
Cross References
Deuteronomy 29:19Si yon moun, apre li fin tande sa ki di nan kontra a ak tout egzijans ki ladan l' yo, mete nan tèt li se bon li bon, epi li di nan kè l': Koulye a, mwen pa bezwen pè anyen. Mwen gen dwa fè sa m' pi pito, sa ap lakòz nou tout ap mouri, inonsan kou koupab.
Proverbs 27:22Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.
Isaiah 56:12Y'ap plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.
Jeremiah 31:18Mwen tande moun Izrayèl yo ap plenn. Y'ap di konsa: -Seyè, nou te tankou yon ti towo mawon. Men, ou donte nou, ou moutre nou jan pou nou obeyi ou. Fè nou tounen vin jwenn ou, paske ou se Seyè a, Bondye nou an.
Ephesians 4:19Yo san wont konsa, yo lage kò yo nan tout kalite vis, yo pran plezi yo nan fè tout kalite vye bagay sal san rete.