Proverbs 23:34
W'ap santi tankou si ou te sou lanmè: w'ap tankou si ou te sou tèt yon ma batiman.
Bib La
In The King James Version
In Context
33W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.
Cross References
1 Samuel 25:33Kite m' di Bondye mèsi pou bon konprann ou genyen an, pou ou menm tou deske jòdi a ou vin kenbe men m' pou m' pa mete san moun deyò, pou m' pa tire revanj mwen mwen menm.
1 Samuel 30:16Li mennen David kote moun Amalèk yo ye a. Moun Amalèk yo te gaye toupatou. Sa ki t'ap manje t'ap manje, sa ki t'ap bwè t'ap bwè. Yo t'ap fè fèt paske yo te piye anpil bagay kay moun Filisti yo ak kay moun peyi Jida yo.
1 Kings 16:9Zimri, yonn nan chèf li yo ki te reskonsab mwatye cha lagè wa a, moute yon konplo kont wa a. Yon jou, Ela te lavil Tiza, li t'ap bwè gwòg lakay Atza ki te reskonsab palè wa a.
Proverbs 31:4Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
Matthew 24:38Se konsa, nan jou anvan gwo inondasyon an, moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo. Konsa konsa, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an.
Luke 21:34Pran prekosyon nou, pa kite banbòch, bweson ak traka lavi sa a chaje tèt nou pou jou a pa rive sou nou lè n' pa ta kwè.