Proverbs 27:21
Yo pase lò ak ajan nan dife pou wè si yo bon. Konsa tou, dapre jan yo nonmen non yon moun, yo ka di ki moun li ye.
Bib La
In The King James Version
As the fining pot for silver, and the furnace for gold; so is a man to his praise.
In Context
20Menm jan toujou gen plas pou mò kote mò yo ye a, konsa tou, toujou gen plas pou lanvi nan kè moun.
22Ou te mèt woule yon moun sòt anba baton tankou yo bat pwa, se pa sa k'ap fè l' kite sòt.
Cross References
1 Samuel 18:7Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.
1 Samuel 18:30Lame moun Filisti yo te konn vin atake yo. Men chak fwa, nan tout chèf k'ap sèvi ak Sayil yo, se toujou David ki te resi kenbe tèt ak yo pi byen. Tout moun nan peyi a te vin konsidere l' anpil.
2 Samuel 15:6Se konsa Absalon te fè ak tout moun peyi Izrayèl ki te vin bò kote wa a pou chache jistis. Se konsa li fè yo vin renmen l'.
Psalms 12:6(012:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.
Proverbs 17:3Se dife sèl ki ka fè ou konnen si lò osinon ajan ou genyen an se bon kalite. Konsa tou, se Seyè a sèl ki konnen sa ki nan kè moun.
Malachi 3:3La vini tankou moun k'ap fonn fè pou wete kras ki ladan l'. L'ap netwaye pitit pitit Levi yo, l'ap wete tou sa ki pa bon nan yo tankou yo netwaye lò ak ajan, pou yo ka nan kondisyon ankò pou yo prezante ofrann bay Bondye jan yo dwe fè l' la.