Proverbs 29:11
Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.
Bib La
In The King James Version
A fool uttereth all his mind: but a wise man keepeth it in till afterwards.
In Context
10Depi yon moun serye, ansasen pa vle wè li. Men, moun ki mache dwat yo ap pwoteje l'.
12Lè yon chèf renmen tripotay, se mechan ase k'ap sèvi avè l'.
Cross References
Judges 16:17Bout pou bout li ba li sekrè a, li di l' konsa: -Mwen pa janm koupe cheve nan tèt mwen. Se yon nazirit mwen ye, yo mete m' apa pou Bondye depi nan vant manman m'. Si yo koupe tout cheve nan tèt mwen, m'ap pèdi tout fòs mwen, m'ap tankou nenpòt ki moun.
Proverbs 12:23Moun lespri pa janm nan fè moun wè tou sa yo konnen. Men, moun san konprann ap mache fè moun wè jan yo sòt.
Proverbs 19:11Yon moun ki gen bon konprann pa fè kòlè fasil. Tout kalite li, se pa okipe moun ki fè mal.
Micah 7:5Pa mete konfyans ou nan zanmi! Pa apiye sou ankenn bon zanmi! Veye bouch ou ata ak madanm ou!