Proverbs 11:5
Yon moun k'ap mache dwat ap viv san pwoblèm, paske li serye. Men, mechan yo ap tonbe nan pwòp pèlen mechanste yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou.
Cross References
2 Samuel 17:23Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'.
Job 18:7Li te konn mache byen enganm, koulye a se ti pa ti pa, l'ap bite. Se plan li t'ap fè yo ki lakòz sa rive l'.
Proverbs 1:18Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri.
Proverbs 3:6Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
Proverbs 11:3Moun k'ap mache dwat yo konnen sa pou yo fè, paske se moun serye yo ye. Men, moun k'ap mache bay moun koutba, yo gen pou yo fini mal, paske se bakonyè yo ye.
Proverbs 14:32Mechanste mechan an, se sa k'ap jete l' atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l' menm lè lavi l' an danje.