Proverbs 3:29
Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
Bib La
In The King James Version
Devise not evil against thy neighbour, seeing he dwelleth securely by thee.
In Context
28Si ou gen lajan sou ou, ou pa ka di frè parèy ou: Ale non! Tounen denmen. M'a ba ou kichòy!
30Pa fè kabouyay san rezon ak yon moun san li pa janm fè ou anyen ki mal.
Cross References
Psalms 55:20(055:21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt.
Proverbs 6:14Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.
Proverbs 14:22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
Jeremiah 18:18Lè sa a, pèp la va di: -Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesaj Bondye yo. Annou wè! Ann touye l' anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.
Zechariah 7:10Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.