Zechariah 7:10
Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.
Cross References
Exodus 22:21Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip.
Deuteronomy 24:14Piga nou peze yon pòv malere k'ap travay pou lajan l', li te mèt yon moun pèp Izrayèl parèy nou, li te mèt yon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a nan yonn nan lavil nou yo.
Psalms 21:11(021:12) Y'ap fè move plan, y'ap fè konplo sou wa a, men sa p'ap mache pou yo.
Psalms 72:4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Proverbs 3:29Moun k'ap viv ansanm avè ou, ki mete konfyans yo nan ou, pa manniganse anyen ki pou fè yo mal.
Proverbs 22:22Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal.