Proverbs 3:6
Toujou chonje Seyè a nan tou sa w'ap fè. Li menm, l'a moutre ou chemen pou ou pran.
Bib La
In The King James Version
In all thy ways acknowledge him, and he shall direct thy paths.
In Context
5Mete tout konfyans ou nan Seyè a. Pa gade sou sa ou konnen.
7Pa mete nan tèt ou ou gen plis konprann pase sa. Gen krentif pou Seyè a, refize fè sa ki mal.
Cross References
1 Samuel 4:11Moun Filisti yo te sezi Bwat Kontra Bondye a epi tou de pitit Eli yo, Ofni ak Fineas, te mouri.
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Ezra 8:22Mwen te wont mande wa a yon lame ak kavalye pou pwoteje nou si yon lènmi ta atake nou sou wout, paske mwen te fin di wa a konsa Bondye nou an ap pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li, l'ap beni yo. Konsa tou, l'ap fache sou moun ki vire do ba li, l'ap pini yo.
Nehemiah 2:4Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.
Psalms 32:8Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou.
Proverbs 16:9Lèzòm fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Seyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.