Proverbs 30:8
Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.
Bib La
In The King James Version
In Context
7Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri.
Cross References
Genesis 28:20Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen,
Exodus 16:15Lè moun pèp Izrayèl yo wè sa, yo pa t' konn sa l' te ye. Yonn t'ap di lòt: -Sa sa ye sa? Moyiz di yo: -Sa a, se pen Seyè a ban nou pou nou manje.
Exodus 16:21Chak maten yo ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. Men, kou solèy la konmanse cho, bagay la te fonn.
Exodus 16:35Moun pèp Izrayèl yo pase karantan ap manje laman, jouk jou yo rive nan yon peyi kote yo jwenn moun rete. Kifè yo manje laman jouk yo rive sou fwontyè peyi Kanaran.
Job 23:12Mwen toujou fè tou sa li bay lòd fè. Mwen te fè volonte l', mwen pa fè sa m' te gen nan tèt mwen.
Psalms 119:29Pa kite m' lage kò m' nan bay manti. Fè m' favè sa a, moutre mwen lalwa ou.