Proverbs 31:13
Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l'.
Bib La
In The King James Version
She seeketh wool, and flax, and worketh willingly with her hands.
In Context
12Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l', l'ap pase tout lavi l' ap fè l' byen.
14Tankou bato k'ap pote machandiz, li al byen lwen chache manje mete nan kay la.
Cross References
Genesis 24:13Men mwen kanpe bò pi a, kote medam yo ap vin chache dlo.
Genesis 29:9Jakòb t'ap pale ak yo toujou lè Rachèl vin rive ak bann mouton papa l' yo. Se li menm ki te gade mouton l' yo pou li.
Ruth 2:2Rit, fanm peyi Moab la, di Naomi konsa: -Kite m' ale nan jaden yo pou m' ranmase tèt lòj moun k'ap ranmase rekòt yo kite tonbe atè. M'a jwenn yon moun ki va kite m' ranmase nan jaden li. Naomi reponn li: -Ale non, mafi.
Isaiah 3:16Seyè a di: Gade jan medam lavil Jerizalèm yo ye non! Y'ap mache tankou yo pa kanmarad pesonn. Yo kage tèt yo dèyè, y'ap fè mesye yo je dou. Y'ap mache banda pou braslè nan pye yo ka sonnen.
Acts 9:39Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l' rive, yo mennen l' nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l' chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l' te la avèk yo.
2 Thessalonians 3:10Nou chonje lè m' te lakay nou, mwen te di nou: moun ki pa travay pa gen dwa manje non plis.