Proverbs 4:17
Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.
Bib La
In The King James Version
For they eat the bread of wickedness, and drink the wine of violence.
In Context
16Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.
Cross References
Job 24:5Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale.
Proverbs 9:17Dlo kay moun toujou pi fre. Manje deyò toujou gen pi bon gou!
Isaiah 5:18Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen l' dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt gwo, n'ap rale yo dèyè nou tankou bèt k'ap rale kabwèt!
Jeremiah 5:26Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwezo. Yo mete pèlen pou pran moun.
Ezekiel 22:25Chèf ki rete nan peyi a tankou lyon k'ap gwonde bò yon bèt yo fin touye. Yo devore moun, yo pran tout richès ak tout byen yo jwenn. Se pa de fanm yo kite san mari.
Micah 3:5Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo: