Proverbs 4:21
Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
Bib La
In The King James Version
Let them not depart from thine eyes; keep them in the midst of thine heart.
In Context
22Se lavi pou moun ki jwenn yo. Se lasante pou tout moun ki konprann yo.
Cross References
Deuteronomy 4:9Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Proverbs 2:1Pitit mwen, aprann sa m'ap moutre ou la a. Chache pou ou pa janm bliye sa mwen di ou fè a.
Proverbs 3:3Se pou ou toujou viv byen ak tout moun. Se pou ou toujou gen yon sèl pawòl. Mete pawòl mwen yo nan kou ou tankou yon kolye, kenbe yo nan kè ou pou ou pa janm bliye yo.
Proverbs 6:21Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye.
Proverbs 7:3Mete li nan tout dwèt ou tankou bag, kenbe li nan kè ou pou ou pa janm bliye l'.