Proverbs 4:20
Pitit mwen, louvri lespri ou pou ou konprann byen sa m'ap di ou la a. Louvri zòrèy ou pou ou koute pawòl k'ap soti nan bouch mwen.
Bib La
In The King James Version
My son, attend to my words; incline thine ear unto my sayings.
In Context
19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
21Pa janm kite yo soti devan je ou. Kenbe yo nan kè ou. Pa janm bliye yo.
Cross References
Psalms 78:1Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di!
Proverbs 5:1Pitit mwen, louvri lespri ou pou koute sa m'ap di ou, mwen menm ki gen bon konprann. Louvri zòrèy ou pou ou tande konsèy m'ap ba ou, mwen menm ki gen bon konprann.
Proverbs 7:1Pitit mwen, chonje sa m'ap moutre ou la a. Pa janm bliye sa m'ap di ou pou fè a.
Isaiah 55:3Louvri zòrèy nou. Vin jwenn mwen. Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi. M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan. M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.