Proverbs 6:12
Mechan yo fin deprave. Y'ap mache bay manti toupatou.
Bib La
In The King James Version
A naughty person, a wicked man, walketh with a froward mouth.
In Context
13Y'ap twenzi je yo sou moun, y'ap peze gwo zòtèy yo atè. Y'ap fè siy ak dwèt yo.
Cross References
Psalms 10:3Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye.
Psalms 36:3(036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.
Psalms 59:7(059:8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou!
Psalms 101:3M'ap mennen yon lavi san repwòch anndan lakay mwen. Mwen p'ap mete okenn move lide nan tèt mwen. Mwen rayi sa moun ki vire do bay Bondye yo ap fè. Bagay konsa pa ka pran tèt mwen.
Proverbs 3:32Paske Seyè a pa vle wè moun ki deprave. Men, li mete moun ki mache dwat yo nan tout sekrè l' yo.
Proverbs 6:14Se move lide ase ki nan kè yo, yo toujou sou plan. Kote yo pase y'ap pouse dife.